2 Gidon (Pa Gen Konpetisyon) [Kanaval 2015]-Djakout #1

Genre-Kanaval
Year-2015
Konnen se mwen n'ap tann
Nou pap sispann fè diskisyon
Konnen y'ap fè djòlè
Yo vle fè n pè
Yo panse yo bon
Kè nou pa sote, nou pa sote
Kè nou pa sote, Djakout la chaje
Kè nou pa sote, nou pa sote
Kè nou pa sote e nou san pitye
Ah wi, nou san pitye pou ti vagabon sa yo
Paske lè bizinis yo bese yo jwe tout ti vis pou yo fè’l mache
Pa monte sou do n pou w fè afè pa w
Pa monte sou do n nan avantaj pa w
Pa monte sou do n pou w pale A A w
Sa se vagabondaj
Pa monte sou do n pou w vin sal non pa n
Pa monte sou do n pouw detwi vi pa n
Pa monte sou do n pou w kraze sipèsta n
Gade grosè on konplo
Kisa Ayisyen gen avè m, pou kisa se pwòp frè pa m ki pa vle wè m
Mwen pa yon kriminèl – devan Bondye nan syèl
Mwen pa ka wè moun k'ap soufri
Si w wè bagay yo bèl – si lavi m s'on modèl
Pa pale sou do’m
Pa monte sou do n pou w fè afè pa w
Pa monte sou do n nan avantaj pa w
Pa monte sou do n pouw pale A A w
Sa se vagabondaj
Pwoche vini m tande w, vini m pale w
Se pou vin di m ki entansyon w – m’ ta renmen konnen
Sa w ye pou w jije m, kondane’m
Kote jistis nan peyi sa a?
Gouvèneman kote lwa k pwoteje atis yo? (Nou pa wè yo)
Gouvèneman pou ki akizasyon san prèv yo? (Sa pa fè sans non)
Shabbi Shabbi Shabb Shabbibi
Chanpyon kanaval la lage
Lèzòm pè kou chat (2x)
Tout moun se latranblad, se latranblad, se lantranbad hey
Djakout rantre T-vice tankou fo kòb Ameriken
Se sa k fè yo fè konplo pou yo lage n nan cho
Konplo pi rèd pase wanga...way
Voye yo voye yo
Fanatik Djakout parèt tout kò w
Si w se sa – kanpe
Si ou pa sa – deplase
[2x]
Y'arete djaz la se tout Ayiti warete
Tout moun friz olèmen – esa
Yarete djaz la Bèlè, Site Solèy warete
Tout moun friz olèmen – huh
Kite de menn anlè
Pou n'al kaze menòt
Nou fout merite libète
Kase kase kase – kaw libète
Kase kase kase menòt yo – kaw libète
Kase kase kase – kaw libète
Souke men yo souke – nou libere [3x]
Montre nou libere

Woy, alevouzan [4x]

Yarete djaz la se tout Ayiti warete
Tout moun friz olèmen – esa
Yarete djaz la Bèlè, Site Solèy warete
Tout moun friz olèmen – huh
Kite de menn anlè
Pou n al kraze menòt
Nou fout merite libète
Kase kase kase – kaw libète
Kase kase kase menòt yo – kaw libète
Kase kase kase – kaw libète
Souke men yo souke – nou libere [3x]
Woy, alevouzan [4x]
Yo deklare n lagè, ti sa pa ka fè n pè
La patri an danje, Ti Regi
Atake [5x]
Pow pow
A A voye ankò [4x]
Yo deklare n lagè, ti sa pa ka fè n pè
La patri an danje, Ti Regi
Atake [5x]
Pow pow
A A voye ankò [4x]

Djaz la chavire
Voye rele papa w pa gen konpetisyon [2x]
Se chak w'ap pase on tray anba djaz peyi a wo
Voye rele papa w pa gen konpetisyon [2x]
Jwèt sa a pa pou ou, retire kò w nan sa w ye a
La pa la w
Se chak w'ap pase mizè, ou rete dèyè kamyonèt la
Nou menm Djakout nou chita sou bisiklèt – n'ap pedale
Pa gen kwèdèk pa gen kwèdèk – n'ap pedale
Lonje men dwat – devan
Lonje men goch – devan
Kage sou do pou’n lage degidon
Pa gen konpetisyon
2 gidon – lage
2 gidon – Djaz la lage
2 gidon – lage
Pa gen konpetisyon
2 gidon – lage
2 gidon – Chanmas lage
2 gidon – pa gen konpetisyon
Men chanpyon an
Bay beton an
Leson an tounen wi la, chanmas demenn anlè
Pa gen konpetisyon
2 gidon – lage
2 gidon – konpa
2 gidon – lage woy
Pa gen konpetisyon
2 gidon – lage
2 gidon – Petyonvil lage
2 gidon – pa gen konpetisyon
Men chanpyon an
Bay beton an
Tire Zone yo lage nan souse piwili wi
Bèto nan souse piwili
Jajou tande
Bèto nan souse piwili
Bèto nan souse piwili
Bèto nan souse piwili
Woy! Gade kijan sezi
Souse oh oh [4x]
Foto yo sou tout Facebook la
Bèto nan souse piwili
Bèto nan souse piwili – Ti Paul Demesmin pran nan sosis san sòs
Bèto nan souse piwili
Bèto nan souse piwili
Woy! Gade kijan sezi
Souse oh oh [4x]
Nou tout se Ayiti
El senor Ti Pouch melodi pou peyi w
Flote drapo djaz peyi a
Sa lemond gen la
Yo pa ka satisfè ak sa Bondye ba yo
Woy woy woy [2x]
Sa manadjèz gen la li pa vle rete natirèl
Tout lajan li vòlè se achte fo dèyè
Fè bouch li men lajè, li pa janm satisfè
Tout tan se pran piki se achte fo figi
Li renmen chiriji, oh Chonchon se laraj
Ooohohhohh woy woy
Adye wo, se mwen se yo tou

Sak kòmande Okap – towo a
Sak kòmande Kafou – towo a
Sak Kòmande Chanmas – towo a
Aprè Bondye nan syèl la,
Pa gen anyen - nou pè
Pa gen anyen – nou pa ka fè
Pa gen anyen – nou pè
Pa gen anyen – nou pa ka fè
Men towo a
Men towo a [4x]
Pla pla pla pla – moun sou stand battez les mains
Pla pla pla pla – moun atè battez les mains
Pla pla pla pla
Aprè Bondye nan syèl la,
Pa gen anyen - nou pè
Pa gen anyen – nou pa ka fè
Pa gen anyen – nou pè
Pa gen anyen – nou pa ka fè
Men towo a
Men towo a [4x]
Tande jan de ti kreten ap imilye papa yo
Lejand Robert Martino, se sèl li k te ka sove yo nan afè kanaval
M'wè Roberto fè on pakèt kòlè sou stage la, li pa vle m jwe
Si w pa vle m jwe, mwen m'pa gen foli jwe nan T-Vice pou ou
Yo menm se fo sispèsta yo ye, bann ti kreten k'ap vin pale
Mwen m'se bon sipèsta mwen ye
Sèlman se pa mwen non k di’l, se pwòp papa w ki di l
Fo sispèsta
Bèto nan souse piwili
Bèto nan souse piwili
Bèto nan souse piwili
Bèto nan souse piwili
Woy! Gade kijan n'sezi
Souse oh oh [4x]
Nou menm Djakout nou chita sou bisiklèt – nap pedale
Pa gen kwèdèk pa gen kwèdèk – nap pedale
Lonje men dwat – devan
Lonje men goch – devan
Kage sou do pou’n lage degidon
Pa gen konpetisyon
Degidon – lage
Degidon – Djaz la lage
Degidon – lage
Pa gen konpetisyon
Degidon – lage
Degidon – Chanmas lage
Degidon – pa gen konpetisyon
Ti Nato m'tande w'ap pale sou do’m w'ap di m vòlè
M'pa konprann pale avè m pale avè m, men m'la devan w
Nou gen mo vòlè, vòlè n'ap pede di. M'ap fè nou kite mo vòlè sa
Kisa "vòyè"?
Se vòlè wi yo di. Repete: "vòlè"
Nou vòyè tout sam fè
Kot sa w pa ka di la a, ou pa gen diksyon? "Vòlè."
Mo vòyè a n'a repete l pou lòt moun. Al travay, al vòyè

Ahh se de piwili k nan bouch li on sèl kou wi.. hahaha